Wi ou kapab ansent oswa ansent on moun ak likid preseminal!
Kisa ki likid preseminal oswa likid pre-ejakilatwa?
Likid pre-ejakilatwa a se yon likid glise ki transparan glann Mery-Cowper pwodui. Likid sa pase nan kanal gason an (Irèt) lè li eksite (mastibasyon, rèv ewotik, pòno, nan preliminè elatriye ki lakoz ereksyon). Pou kèk gason li gen dwa anpil men pou lòt se on ti kras, sa pral depann de gwosè glann nan.

Kredi: Slideplayer
Atansyon!!! Likid preseminal la diferan de likid seminal la ki li menm reprezante yon gwo pati nan tout sa ki konpoze espèm lan, e li menm li visib sèlman lè genyen ejakilasyon. Si sa ta rive on moun genyen likid seminal la nan vajen li se tankou se te espèm ki ladan l. Kidonk nan yon rapò seksyèl genyen anpil chans pou ansent ak likid sila.
Likid preseminal la li menm soti otomatikman avan gason an ejakile sa vle di toujou avan espèm nan soti. Men sonje, pou li soti fòk gason an genyen yon ereksyon; paske an reyalite se koulout nèg la ki rèd ki apiye sou glann nan ki fè likid la soti.
Likid preseminal la se yon bagay natirèl e li jwe 2 wòl:
- Li jwe wòl librifyan, sa vle di li pèmèt penetrasyon an fèt fasilman.
- Li sèvi tou pou netwaye Irèt la pou kapab netralize asid ki nan pipi gason an ak asid ki nan bouboun fi a ki ta kapab nui lavi espèmatozoyid yo.
Kisa ki fè ou kapab ansent oswa ansent on moun ak li?

Kredi: Frederic Magusto
Anpil gason pa menm konnen si likid preseminal la egziste ni lè li ap soti. E sitou li enposib pou kontwole lè li ap soti paske li soti tou dousman, se pa tankou espèm nan. Menmsi natirèlman likid sa pa gen espèmatozoyid ladan li, lè li ap soti li posib pou li trennen ak li espèmatozoyid ki te la deja nan irèt la nan on ejakilasyon ki te fèt avan sa nan menm ak la. Sa vle di, si gason an fin fè seksyèl yon premye fwa li pa al pipi oswa lave l apre, nan dezyèm ke a likid preseminal la kapab bwote rès espèm ki nan kanal la mennen nan bouboun fi a e fè li ansent. Kidonk menmsi pa gen ejakilasyon nan ak aktyèl la moun kapab ansent ak likid sila.
Ki prekosyon pou ou pran?
Menmsi pipi avan/apre relasyon seksyèl kapab redui risk yo, sa pa anpeche gwosès la met pye. Menmsi tou kouri retire koulout la avan ejakilasyon se yon metòd anpil moun pratike li pa anpeche si irèt la genyen espèmatozoyid pou likid preseminal la pote yo nan bouboun fi an e fè li ansent. Epi tou li posib pou moun trape nenpòt maladi nan likid preseminal la sitou sida si gason an genyen l.
Pi bon prekosyon an se METE KAPÒT!
Recent Comments