Kisa ki nati fanm?
Nan kozri nou te reyalize sou stereyotip yo, Doktè
Justafort te abòde aspè sa (nati fanm) ki pou li
menm se yon pèsepsyon ki dwe chanje.
Dapre Justafort ayisyen defini nati vajen fanm a
pati 3 faktè:
- librifikasyon
Yo kwè mwens vajen an librifye pi bon sa ye. Yo rete
kwè fòk vajen an sèk.
An reyalite vajen an gen glann ladan l. Li nòmal pou
vajen an mouye, pou l librifye lè fi a eksite. - Odè
Yo kwè fòk vajen santi bon depase.
An reyalite chak vajen gen odè li. Dayè yon fi dwe
konnen odè vajen li paske sa ap pèmèt li remake lè
yon bagay chanje. Gen kèk faktè ki kapab chanje
odè vajen fi a tankou sa li plede manje, fason li viv,
elatriye).
Sispann pase savon pou bay vajen bon lodè. VAJEN AN
NETWAYE TÈT LI POUKONT LI. - Angrenaj
Angrenaj la se aspè ti grenn vajen an genyen an.
Aspè sa se tisi glann yo ki bay vajen an li. Yo rete kwè
fòk vajen an sere sinon fi a se yon pye lejè.
An reyalite se pa fè bagay anpil ni gwosè koulout ki
fè vajen fi lache oswa pèdi elastisite l; se swa yon
enfeksyon ki pa trete / ki mal trete, oswa akouchman
(lè fi a fè timoun).
Sispann kwè tout vajen dwe menm. CHAK VAJEN INIK.
Si genyen 6 fanm yon kote se 6 vajen diferan, se 6 odè
vajen diferan, 6 dimansyon vajen diferan.
Recent Comments